BMC’s Yawkey building doors are now closed as an entrance as part of our ongoing efforts to enhance our campus and provide you with the best clinical care.

All patients and visitors on our main campus must enter our hospital via Shapiro, Menino, or Moakley buildings, where they will be greeted by team members at a new centralized check-in desk before continuing to the hospital. We are excited to welcome you and appreciate your patience as we improve our facilities.

Boston Medical Center pran angajman pou bay pasyan nou yo ak moun ki pwòch yo bon kalite swen nan yon an- viwònman ki an sekirite. Kòd Konduit nou an montre sa nou tout ka fè pou kenbe pasyan nou yo, anplwaye yo, ak vizitè yo an sekirite pandan yo nan kanmpous nou an. Pou bay pasyan nou yo swen nan yon pi bon anviwònman, nou prevwa:

  • Pou tout moun kreye yon anviwònman ki sekirize, enklizif, san paspouki epi ki ankourajan.
  • Pou tout moun pale yon fason ki montre respè epi ki montre konsiderasyon pou lòt moun.
  • Pou pasyan yo patisipe nan bay tèt yo swen yo. Sa gen ladan rete nan zòn swen yo chwazi yo epi poze kesyon si ou bezwen èd pou konprann tretman ou nan.
  • Yo pa dwe fimen nan kanmpous la. Batiman nou yo pa gen moun k ap fimen ni anndan ni deyò.

Nou pa pèmèt:

  • Vyolans, konpòtman k ap menase moun, oswa langaj chokan. Nou gen yon politik zewo tolerans.
  • Pou nenpòt kalite zam.
  • Kòmantè oswa jès ki chokan sou laj, ras, etnisite, relijyon, kilti, kapasite, lang, oryantasyon seksyèl, idantite sèksyèl, sitiyasyon sosyoekonomik, sitiyasyon matrimonyal, oswa lòt karakteristik pèsonèl.
  • Konpòtman oswa langaj sal/seksyèl.
  • Alkòl oswa medikaman ilegal.
  • Andomaje oswa vòlè nenpòt atik oswa ekipman.
  • Pètibe swen lòt pasyan yo oswa vyole vi prive yo.
  • Sèvi ak aparèy anrejistreman nan zòn swen pasyan yo, san pèmisyon.

Vyolasyon Kòd Konduits

  • Si ou pa respekte kòd konduit sa a, sa ka lakòz yo mete ou deyò lopital la oswa anile randevou ou la. Vyolasyon plizyè fwa kòd konduit la ka lakoz yo egzamine sitiyasyon ou kòm yon pasyan ki pa bezwen swen an ijans.
  • Yo ka mande vizitè ki pa respekte kòd konduit sa a pou yo kite kanmpous nou an epi yo ka gen restriksyon pou yo vizite alavni.
  • Vyolasyon kòd konduit sa a ki reprezante yon karaktè kriminèl ka lakòz yo refere ou bay otorite ki la pou fè res- pekte lalwa nan kad yon ankèt ki pi pwofon ak pou sizoka gen pouswit jiridik.
  • Anplwaye yo oblije respekte prensip ki wo nivo ki endike nan règleman sou kòd konduit anplwaye yo.
  • Si ou se yon pasyan oswa yon vizitè epi ou temwen oswa ou viktim nenpòt nan konpòtman sa yo, pale ak yon manm nan ekip swen ou an.
  • Si ou se yon manm pèsonèl la epi ou temwen oswa se sib nan nenpòt nan konpòtman sa yo, kontakte Manadjè w la oswa patnè biznis Resous Imèn ou.